lundi 29 décembre 2008

Ve JUSTIMA a Pep Ayisen an Pou 2009



Pep Ayisyen mwen an,

1- Ve mwen fè w pou ane sa a, se lapè mwen swete w; kè poze, epi tet repoze; pou anyen pa brase bil ou, trakase lespri w ane sa a tankou ane denye. Sa m vle pou ou, se yon kanpo nan yon paket palab anpil frape lestomak ti dife vole politik ke yo anonse pou 2009 sa a, ki deja ap vinn plen tet ou. Sa m vle pou ou se rale yon souf, se debranche, pou okenn move nouvel, okenn move vibrasyon pa vinn sekwe w pi plis ane sa a, bat tout kalite tanbou pi plis nan tet ou, fè konfizyon anpare w, mete w nan kouri. Palab anpil sa a yo pa ede w viv pi byen, okontrè, yo peze sou moral ou, yo rann ou lou, fe w trennen pi plis anba chay la vi a ke jan Ayiti ye la a fose w pote pou kò w. Se domaj pou ou, men moun kap fè bri konsa a se kòm tanbourinè politik, se kòm batè pwofesyonel yo ye. Yo deja deyò bonè pou frape menm senbal tradisyonel yap frape depi lontan yo, bat menm kout tanbou yo, bat menm gwo kes yo abitye bat yo nan tet ou, jous yo pete tenpan w, jis pou mete peyi a cho. Se tou sa yo genyen ya p pare pou bay la a, tou sa yo pote yap depoze la a. Men kwè m si w vle, peryod tan cho nan peyi a fini, peryod kakofoni fè bri pou granmesi anyen pa pati an fini. Sa amatè tizè bri yo pral ba w la a, se denye mòso yo, denye patisyon an, denye konpozisyon yo.

Chak moun chwazi kalite politik li vle fè, mwen respekte sa. Men politik kenbe yon peyi sou tansyon nan yon atmosfè chofe a blan tout lasint jounen an, se pa politik pa m. Epi se pa politik moman an tou. Yon moun nan peyi a oblije kanpe, trase yon lign atè a ki di jous la men pa pi lwen; ki di moun kap kontinye pratike politik chofay la, nan tan nouvo nap viv jodi a kom si sete yè toujou a: atansyon. Nou espere w konnen wap anbarase nou tout ak kalite espektak ou pare pou bay la a, fè nou tout parèt pi lèd nan yon traji komedi sou Ayiti yo pa konn si se pou yo ri ou si se pou yo kriye lè yap gade nou. Atansyon, wap anbarase tou nouvo gouvènman meriken an epi sa l reprezante a, ki se premye faz rekanpe nwa sou latè drèt doubout nan debi syèk sa a, lemond kay bay nwa konsekan chans yo. Kidonk atansyon: 2 anbarasman sa a yo ou ka koze la a, se mete wap mete baton nan wou Ayiti pi plis, se afebli wap afebli chans nou pou Ayiti fè yon remonte rapid al anwo net alkole kite net twou nou tap degringole desann nan. Asansyon Ayiti sa a nan yon remonte rapid pike kole monte ki ta p etone lemondantye kom dezyem faz nwa kap pran pou l doubout nan debi syek sa a, se bagay sa a map travay pou li ak tout fòs mwen, ak tout sak anndanm; se kòz sa a mwen anbrase pou ou, se lit sa a map mennen, se youn nan 3 rezon pou ki sa map viv: voye Ayiti monte poul monte net, pou l fè yo sezi; san m pa kite pèsonn dèyè, san m pa kite pyès zòn dèyè.

Mwen di atansyon toujou, mwen espere moun kap pratike politik chofay la konnen se diskalifye yap diskalifye tet yo pou yo pa ladann, se wete ya p wete tet yo nan seleksyon nasyonal la, nan tout debon, nan manje gra, nan bonbans, nan byen fèl ki pral vini la a lè Ayiti pran koub li sou lis pou l pran la a rapid rapid nan pwochenn etap kap vinn la a pou l sispann kontinye yon Ayiti soufrant kap plenyenn mizè l, a pati de moun ki gen yon lot stil ki pra l alatet peyi a epi apati yon lot motè ki pra l pouse peyi a, pou l sa tounen yon Ayiti triyonfant, yon Ayiti kap byen manje, kap byen biye, kap byen pwodwi, kap byen jwi. Donk pa gen jwet la a Pep Ayisyen pou konn sa w pral fè ak mayèt peyi a, nan 3 zan kap vinn la a yo, pou n ta al pèdi tann prete yon moun chwal la ki malad nan do, ki paka sele, si moun sa a pa doktè ranjèt do; pa gen jwe zo la a ak avni peyi a, si nou pa vle rate chans estraodinè, moman favorab sa a pou n fè yon lòt bagay an Ayiti, pou n repiye.

Malgre tou sa a tande ki an je la a, mwenn konn moun ki se tizè bri yo, tizè chofay yo yap kontinye frape wè pa wè, manch long, pou yo teste n ankò pou depi n ba yo, yo pran. Fwa sa a bri a, chofay la ka rèd. Men ou te mèt tande bri kalonnen tankou loraj mwa Dawou ou pa ta di tout bagay pral disparèt, pa gen bri ki pa pase. Bri denye moso bat kasròl sa a yo, bat kalinda sa a yo, ap pase tou; tankou tout pil kout kanno n te abitye tande deja yo, ko t bri sa yo? Trankil Pèp Ayisyen, trankil. Se la a pou kenbe a. Pa kite anyen brase lòlòj ou, pa kite yo jwe nan tet ou. Rete fèm ak tout konviksyon w, piga w gen de lide; pase Pep Ayisen ou pap sa kontinye viv konsa, ou pap sa dòmi konsa toujou, ou pap sa mouri toufe konsa san w pa getan wè Ayiti chanje kazak li, chanje fizi l zepòl, pran yon lòt direksyon, komanse ba w randman pandan wap viv la a, pou se pa foumi ki pote nouvèl ba ou. Swiv konsiy map ba ou, swiv modòd mwen. Koute m. Pa kite tet ou pati, pa fè anyen an moun fou, pa reziye w menm. Se la a yap tann ou pou pati ak ni tet ou, ni kè w, pou pran nan yon lòt kout pa konprann. Kenbe, pa fè bek atè. Pa deziste. Pa deklare fòfè bay legen san w pa pote prezante. Se sa k reponn prezan, yo konte, epi ki fè listwa. Fè yon ti soufri toujou, fè yon ti sakrifis an plis pou reziste tout peryod gwo bri kakofoni ak chofay ki ka pase la a, pase an apre pi fon nan 2009 la, map kase rande vou avè w pase map gen nouvel pou ou. Map gen yon sewòm pou ou, yon mesaj amoni kap kenbe w sou oksijèn toujou annatandan pwochenn etap la. Ma pral pwente Ayiti nan yon lòt direksyon, leve peyi nou an mete sou yon lòt ray sipeyè pou l roule fonksyonèl dyòl loulou tankou tout lòt kote. Map vinn ak moun ki gen lòt fòm tet, ki panse yon lòt jan, mwen prann nan tout popilasyon an, pou m mete alatet. Map vinn ak san nèf nou bezwen an, pou se pa menm bouyon rechofe an, menm plak ki kole an mwen sèvi w tou. Map vinn ak yon lòt sistèm, map vinn chante yon lòt chanson, yon nouvo bèl kantik pou peyi m, e wap renmen refren an, bagay nèf, e wap chante l avè m. Ed la nan wout, pou ride w pote pil chay lavi a ou blije fòse pote sou do w pou kò w, san yon peyi rasyonèl pou l sa fonksyonèl kap ede w, kap asiste w, ki reyòganize ak ki dirije pou mete an premye kijan nouvo sistèm lan ap asiste w, ap fè w avanse. Mwen lan wout ak kalite èd sa a. Yon lòt Ayiti, yon lòt leta lòt nivo lan wout: Ayiti.2 a lan wout, pou l kòlte ak sa k ap vekse nou tout kounye a ak pou l rale birin l pou l skilte yon lòt avni. Ayiti.2 pou mwen avè w la, li lan wout, pou pwoblèm sitirasyon wa p konfronte jodi a ak pou jan lavi w pral vire transfòme nèt demen nan yon lòt Ayiti.

2- Ve mwen pou ou pou 2009 la se kòmanse goute yon kè kontan, se koupe kòd ak la vi di ki anmè tankou fyèl kap fè viwonn ou an, se pou tout sa k soti pou pete fyèl ou nan peyi a, pou toufe w, move anviwonnman, fè yon kanpe lwen de ou pou sa kòmanse respire. Se ve pou kalite valè lanmò ki te vizite w pou 2008 la pa revizite w ankò, pou kwa a sispann vinn lakay ou apre dezas sou dezas apre katastwòf sou katastwòf, pou sispann bouche nen w konte kadav. Anviwonnman malsen sa a nan peyi a ka plonge bonnanj nenpòt ki moun nan fè nwa lò w pa kapab ankò, sa ka ba w degoutans la vi. Mwen konn sa. Ve m pou ou se ve yon lòt anviwonnman ki parèt kote yon zo kòmanse tonbe ak bon jan mwèl pou nou chak; olye ti tranch pen mayi nou chak ka jwenn nan fè n ap goumen, ke nou komanse pa remete yon pi gwo chodyè sou dife kote tranch gato mayi pa nou chak la ka si telman pi gwo, ke aloufa pou aloufa ap rete rès, pou fini ak grangou ki tankou kloroks la ki ap blanchi entesten w lan kote gwo trip ou ap vale ti trip ou. Sa ka fèt e si nou di l pasa fèt, se mechanste. Pou m klè avè w, an sòm, sa m swete pou ou pou 2009 la se kòmanse pa deplatonnen ak sak marande w, se ve kasèt kòd, se ve tankou batan pòt ki fèmen sou yon bagay louvri sou yon lòt:

Ke batan k nan devan pòt kay ou a louvri sou yon lòt jou ki pral komanse jou an Ayiti. Ke pòt ou louvri laj sou yon lòt douvan jou kote ou santi gen yon lòt lè deyò a, yon lòt sezon ki pral kòmanse. Ke nouvo sezon sa a mennen w pi lwen ke 2 sezon kontrarye, sezon van lespwa ak sezon dlo lavalas desann, ki te fè lapli elebotan denye 20 ane ki sot pase la w yo. Ke sezon sa a bagay yo abouti, tout moun ka kòmanse met deyò pou fè yon kout kiyè, kote w ka kòmanse pa jwi bagay nef nan peyi a, bagay ki komanse fet reyelman vre diferan nan yon Ayiti ki kòmanse reyelman diferan.

Ke lè fre sa a kap anvayi pwatrinn ou an de lòt jou sa a kap jou an, fè tou popyè je w bat sou silwèt yon lòt Ayiti ou wè kap pran fòm devan w. Ke se vizyon pou yon lòt avni pou peyi Dayiti ou wè ki tounen yon lanp kap klere menm chemen avansman an pou nou tout. Ke nou tout konn kote nou prale kounye a paske vizyon fre sa a tounen yon gid pou nou chak, pou na chak sa wè kote nap mete pye nou pou n monte yon lòt nechèl ki chaje ak bawo ke yon lòt stil Prezidan ki gen ideyal pou demen envite n monte, pandan l pran men nou chak ki pè monte a pou n pa retonbe pi ba. Nan pwen rezon pou pesonn ret atè konsa ankò gwo 2009 la. Ke Prezidan ki gen yon lòt ideyal sa a tounen Prezidan pou yon Ayiti kap mache avèk tan an, ak 21nyèm syèk sa a, pa yon Ayiti kabwèt li kole toujou nan yon tan depi sou tan bimbo epi sa pa deranje pesònn. Paske nou merite yon lidèship, yon alatèt ki pou ride n dekole konsa pou nou tout sa viv kòm tout kretyen vivan dwe ap viv nan 21nyèm syèk sa a. Nou merite l lòt kalite Prezidan sa a pou n sa di yon lòt lavi nan vi nou bon-jou.

Pep Ayisyen, mwen krezi pou ou, mwen renmen w yon kalite renmen w ou poke wè, e m konnen w konn renmen. Lè yon moun renmen yon moun nan pwen sa a, se pa renmen nan bouch, se renmen pou bere moun nan, pou ede ranje machwè figi l, pou wete l nan atè miyò a mete l nan yon lòt kad piwo. Se pa renmen chacha kap vinn soustrè, se renmen k pote ki vinn kore w. Renmen pa m nan vinn bay, nan vinn fè avè w, pou miltipliye pou nou tou 2; li pa vinn mande w nan sa li pat ede w kreye. Li pa vinn koute w chè. Plis yon moun renmen, plis tou sa w genyen an se pou lòt la. M chaje m po t pou ou. M chaje sa a ka eksplwate, map mache ak tout moun ki pat janm sou bò w mennen pote ba ou. Gade pou wè kote m vinn pran w, gade pou wè sa w ka bay avè m kòm bon jan rezilta.

M kase randevou ak ou pi fon nan 2009 la pou m sa kòmanse fè w wè klè nan sa map fè. M pa simpleman vle di w Bònn Ane tankou tout moun san mwen pap regle yon bagay reyelman vre pou m rann ane a bon pou ou. Kidonk, tann mwen; ou mèt espere m. Mwen konn wap tann anpil pou konble vid sa a ou wè nan lidè kap mennen nou menm pep la, ke ou vle ki se yon alatèt kap pwodwi rezilta kle ki pa gen fòs kote: 1) Yon Prezidan kap delivre pou yon lòt lavi fleri nan chak kay, 2) Pou asansè ekonomik kap pran fanmi yo po t monte a pati, 3) pou timoun yo grandi yon lòt jan, 4) pou la konesans ak teknoloji nan men jènn yo ak dysapora a epanouyi, 5) pou tout moun sa manyen bon jan kapital ak kredi pou louvri zèl yo ouvè le kò, 6) pou tout metye yo ka boule kounye a ak nouvo zouti, 7) pou tout peyi a benyen nan 49 zòn pa jis nan Pòtoprens ak enfrastrikti, 8) pou kalite gwo lòt rekòt nou vle yo reyisi, 9) pou biznis yo pwodwi, pou la richès retabli. Mwen konn sa a vle Pep Ayisen, sa kè w ap depasyante pou li men ke l ap tann ankò a, menm apre tout desepsyon, pou yon chanjman nan sitirasyon w ak yon transfòmasyon nan kondisyon vi wap viv. Map ba w sèvis. Map delivre pou ou, map ba w satisfaksyon yon fason pou m renmèt ou sa w fè pou mwen. Pase tou sa m ye se gras a ou Pep Ayisen, mwen pa gen sifizanman lajan ak dola pou repeye w. Se ou k ba y tè pou m jèmen, se Shansrèl nan Site Solèy manman m pouse m. Se ou ki bay tij pwe bwa pou m donnen byen donnen an Ayiti, se lekòl nasyonal kay frè mwen tale. Se sa w met anndanm ki ede m reyisi pote konbyen fwi marasa pa makònn, menm aletranje. M ap retounen ba w sa w te ban mwen, Pep Ayisyen. Dèt sa a fò m peye l, pi byen pase tout lòt dèt mwen ke ma p toujou fini pa peye. Tann mwen. Map vinn pou m sèvi. E deja lan pla men w ak pla men Granmèt la mwen, mwen lage sa m pral kòmanse a.

De mwen menm a ou menm ak tout kè m,

Epi Patrriyotikman jous nou rive nan la Viktwa n ki asire, Mwen rete sèvitè w
JUSTIMA, Emmanuel
emmanuel_fondationjustima@voila.fr

Bondye La Viktwa a, Bannou la Viktwa
Nòtredamm la Viktwa a, Priye pou nou la Viktwa